Nous utilisons des cookies pour vous garantir la meilleure expérience sur notre site web.
Si vous continuez à utiliser ce site, nous supposerons que vous en êtes satisfait.

  • Visiteur, merci de ne pas poster plus de 5 poèmes par jour. Ceci dans le but d'améliorer la visibilité du site.

tonton nwel fe yon pase

#1
fe yon pase Tonton nwèl menm si nou peche Pa bliye si ayiti egziste, Tanpri fè yon pase! Fè yon pase Pou w wè kijan moun yo ap kriye Tankou ti bebe Akoz de grangou a ki renye Tonton nwèl menm si nou pa bon M konnen nan kè wgen anpil padon Tanpri fè yon pase Fè yon pase Pou w wè kijan timoun yo maltrete, Yo san fyète san diyite Nan lari tankou tibèt ki lage. Pase tou patou na lari, Nan tout kat kwen ayiti, Wa va wè timoun k’ap soufri. Yo pye atè do touni, San espwa, san avni Pase wè yo tanpri Pa bliye pase nan tout mache, Wa va wè ti pòv k’ap mande, Y opa gen kote pou yo rete Lage yon bagay nan men yo souple. Pase nan tout repiblik, Sou tout plas piblik. Pabliye : Ewop, Afrik, Azi,Oseani ak Amerik Espesyalman Ayiti ki anba vendik
 

creafan

Nouveau poète
#2
Tu pourai mettre la traduction de ton texte, pour ceux qui comprennent pas cette langue. C' est du patoie de chez toi ? Bisous.